Description
HYSSOP – PURIFIKASYON & NETWAYAJ ESPIRITYÈL
Hyssop se yon plant sakre depi lontan itilize pou lave move enèji, retire jalouzi, move je, ak tout chaj lou ki ka kole sou ou. Li pirifye kò, lespri, ak aura ou, pou w ka santi w pi lejè, pi klè, epi pare pou resevwa lapè, pwoteksyon, ak nouvo opòtinite. Se yon beny pou rekòmanse, pou netwaye tèt ou an pwofondè, epi pou louvri chemen ou.
Kijan pou prepare beny Hyssop la:
Bouyi dlo, mete Hyssop ladan l, kite l tranpe pou li lage tout esans li. Kite dlo a vin tyèd, epi apre ou fin benyen nòmalman, vide li sou kò ou depi nan tèt desann nan pye ak konsantrasyon.
SA pou di pandan beny lana avanw benyen ubyen di sôm 51:
“Mwen lave tèt mwen ak dlo sa a, mwen retire tout sa ki pa pou mwen. Tout move enèji, tout jalouzi, tout blokaj kite mwen kounye a. Kò mwen vin pwòp, lespri mwen vin klè, chemen mwen vin louvri. Mwen resevwa limyè, lapè, pwoteksyon, ak benediksyon nan lavi mwen.”
Balèn:
Limen yon balèn blan pandan beny lan pou senbolize limyè, pirifikasyon, ak pwoteksyon. Kite li boule nan yon espas sekirize pandan w ap fè beny lan.
Ou ka kite dlo a seche sou kò ou san w pa rense li ankò pou efè a rete sou ou.
HYSSOP – lave enèji w, pirifye lespri w, ouvè chemen w.





There are no reviews yet.